Foire Aux Questions Rechercher Liste des Membres Groupes d'utilisateurs Connexion S'enregistrer
Le Forum (accueil)
Lè tout Ayisyen va pran konsyans
 Lè tout Ayisyen va pran konsyans  
Auteur Message
Haitianriders
Wack Emcee


Inscrit le: 16 Sep 2005
Messages: 29
Localisation: New York
Posté le: Sam 17 Sep, 2005 11:45
Sujet du message:  Lè tout Ayisyen va pran konsyans
Répondre en citant

Lè tout Ayisyen va pran konsyans
Lè Ayisyen va reyalize ke blan ap fè yo fè tenten pou divize yo depi digdantan,
Lè yo va reyalize ke blan divize yo yon fason pou toujou kontwole yo,
Lè yo va di blan lanmèd ou mèt ban m milyonven mwen p ap touye frè m pou ou,
Lè yo va reyalize derespekte dwa moun p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize anbisyon pouvwa fè Ayiti fè yon bak desanzan,
Lè yo va reyalize batay pou pouvwa p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize anpil lidè k ap pale pa ka menm solisyone yon ti pwoblèm elektrisite,

Lè yo va reyalize egoyis p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize envite blan vin okipe yo soudevlope Ayiti,
Lè yo va reyalize ke tout Ayisyen dwe konn li ak ekri gratis ti cheri,
Lè yo va reyalize fò yo aprann ede youn lòt,
Lè yo va reyalize fò yo aprann envesti,
Lè yo va reyalize fò yo aprann kreye,
Lè yo va reyalize fò yo aprann plante,
Lè yo va reyalize fò yo aprann pwodui pa sèlman konsome,
Lè yo va reyalize fò yo aprann travay pou devlope kominote,
Lè yo va reyalize fò yo aprann rebwaze,
Lè yo va reyalize grate santi pa bay men se metye parese,
Lè yo va reyalize yo chak dwe fè yon bagay pozitif pou ede Ayiti vanse,
Lè yo va reyalize kijan zòt ap pase yo nan tenten paske yo pa ka fè anyen,
Lè yo va reyalize koudeta pasipala pa janm regle anyen pou Ayiti,
Lè yo va reyalize koupe tèt youn lòt jete nan ravin se babari,
Lè yo va reyalize lonje kwi devan blan tout tan p ap devlope peyi,
Lè yo va reyalize mo demokrasi a kisa li vle di,
Lè yo va reyalize mo lidèchip la kisa li ye,
Lè yo va reyalize nou bezwen lopital klinik ak pwogram sante tout kote,
Lè yo va reyalize nou bezwen bonjan pwogram agrikilti pou Ayiti devlope,
Lè yo va reyalize nou bezwen bonjan wout pou konekte tout Ayiti,
Lè yo va reyalize nou bezwen lekòl gratis ti cheri nan tout rakwen n ale,
Lè yo va reyalize nou bezwen lekòl teknik pou jèn Ayisyen aprann metye,
Lè yo va reyalize nou bezwen lekòl pratik ki p ap soudevlope mantale,
Lè yo va reyalize Ayiti inonde ak mechanste Bondye fache,
Lè yo va reyalize prejije sosyal fè Ayiti fè bak olye li avanse,
Lè yo va reyalize prizkonsyans se yon medikaman ke tout Ayisyen dwe pran,
Lè yo va reyalize se pa ni kapitalis kominis maksis nasyonalis sosyalis teworis k ap sove Ayiti,
Lè yo va reyalize se pa oken pati politik ki pral libere Ayiti,
Lè yo va reyalize sekrè devlopman Ayiti se nan travay ansanm ak travay di sa ye,
Lè yo va reyalize solisyon Ayiti se pa nan batay youn kont lòt pou pran pouvwa sa rete,

Lè yo va reyalize travay ansanm nan lapè lanmou respè youn pou lòt se kle siksè,
Lè yo va reyalize viv nan blòf p ap mennen Ayiti oken kote,
Lè yo va reyalize yon dal pati politik pèpè se ONG koukouy k ap klere pou je,
Lè yo va sispann abize esplwate maspinen meprize pile souse sa ki anba,
Lè lidè ki sou pouvwa va kòmanse respekte lalwa e fè moun pratike sa,
Lè tout moun ki di yo se lidè va fè pwogram pou eklere pèp ayisyen ki nan fènwa,
Lè tout lidè va aprann pèp ayisyen konsève olye yo dechouke sa yo bezwen,
Lè respè dwa moun p ap vle di respekte dwèt moun men respekte tout moun,
Lè tout Ayisyen va sispann rejte kilti ak bagay ki fèt lakay pou vin fyè de tèt yo,
Lè tout va reyalize reyalite sa yo y a va pran konsyans ke solisyon peyi a se
nan men yo sèlman li ye epi yo va deside nan ki direksyon yo vle ale
si yo ta renmen Ayiti devlope tout bon vre.

E. W. VEDRINE
Koleksyon: Kri pou liberasyon


se pa mwen ki ekri porèm sa,mwen jwen li mwen te vle patajèl ak nou,travay ayisyan mwen yo ap fè.

Mysyè rele E.W Vedrine. Nou ka tcheke liv li.
 
 Re: Lè tout Ayisyen va pran konsyans  
Auteur Message
Dada-7
Golden Lyricist
Golden Lyricist


Inscrit le: 15 Nov 2001
Messages: 854
Localisation: An laboula!
Posté le: Sam 17 Sep, 2005 13:14
Sujet du message:  Re: Lè tout Ayisyen va pran konsyans
Répondre en citant

Bon pawòl sa!!! Menm si an pran on pakèt tan pou li'y...

Pawòl la sa valab' pou pèp Gwadloup' osi...Sé la nou ka konpran sé mènm konba la nou ka méné èpi menm lenmi la.

ya !
 
 Re: Lè tout Ayisyen va pran konsyans  
Auteur Message
hapiness
Battle Emcee
Battle Emcee


Inscrit le: 16 Jan 2005
Messages: 190
Localisation: miami
Posté le: Lun 19 Sep, 2005 20:43
Sujet du message:  Re: Lè tout Ayisyen va pran konsyans
Répondre en citant

valable pour gwada aussi.. j'ai bien aime!
 
 Re: Lè tout Ayisyen va pran konsyans  
Auteur Message
Gwadaiti
Ghetto Superstar
Ghetto Superstar


Inscrit le: 28 Aoû 2002
Messages: 228
Localisation: Cayenne-Grande Savane-Aquin-Le Pré
Posté le: Lun 19 Dec, 2005 06:51
Sujet du message:  Re: Lè tout Ayisyen va pran konsyans
Répondre en citant

Valab pou tout neg ki fié nèt NEG.....

Kwanza mes Zanmi's

Marcus
 
 
Page 1 sur 1
 
Sauter vers:   
Le Forum ::: Gwadayouth sujet fil RSS  


Powered by phpBB © 2001, 2005 phpBB Group - Tweaked by Dap for Gwadayouth.com